<< Back to search results

90.0
 8 votes - Education - First release: 2020-05-04T07:00:00Z

Screenshots


Description - 4+

Kreyòl Atèplat se yon zouti k ap pèmèt atis ayisyen, powèt, ekriven, elatriye konpoze powèm, chan ak powezi pi fasil pase jan yo te konn fè sa a anvan. 

Annik tape yon lèt oubyen yon gwoup lèt, epi l ap ba ou lapoula tout mo ki fini pa lèt sa a oubyen gwoup lèt sa a.

Ou ka itilize l tou si w bezwen jwenn yon mo oswa yon lis mo ki kòmanse pa tèl lèt epi ki fini pa tèl lèt.

Ou ka menm itilize app sa a pou w fè akwostich ak non yon moun ki espesyal pou ou.

Met sou sa a, gen anpil moun tou ki pa twò maton nan òtograf kreyòl la; yo ka pwofite de aplikasyon sa a tou pou yo aprann ekri mo kreyòl yo kòmsadwa. 
Mezanmi, dè milye de mo nan de pla men nou pou nou ka fè chenè ak lang kreyòl la.

Telechaje l sou telefòn ou, epi eseye l
Pou kòmantè ak sigjesyon, imel nou nan: [email protected]

N ap tann soukous ou